Avril 2017 Sesyon Jeneral Fi yo Sesyon Jeneral Fi yo Bonnie H. CordonMete konfyans nou nan Senyè a epi pa apiye sou konpreyansyon pa nouSè Cordon konseye nou pou nou etidye ekriti yo, priye, epi sèvi lòt moun pou n ka mete konfyans nou nan Jezikri olye nou apiye sou pwòp sajès pa nou. Carol F. McConkieBote senteteSè McConkie ankouraje sè yo pou yo viv alawotè eritaj sentete divin yo a nan kenbe alyans yo, suiv Lespri a, ak apiye sou Jezikri. Linda K. BurtonFi ki sètenSè Burton dekri fi fidèl yo nan Nouvo Testaman an, nan premye tan Retablisman an, ak nan epòk nou an ki gen yon lafwa fèm ak konfyan yo. Henry B. Eyring“M ap kite lapè m pou nou”Prezidan Eyring anseye ke Sentespri a pote lapè, li ede nou sonje eksperyans espirityèl pase yo, li pouse nou pou n fè byen, epi li enspire inite ak lanmou. Sesyon Samdi Maten Sesyon Samdi Maten Henry B. EyringRasanbleman Fanmi Bondye aPrezidan Eyring anseye sou enpòtans rasanbleman fanmi Bondye a atravè travay istwa familyal ak tanp. M. Joseph BroughMen Li k ap dirije nou chak jouFrè Bough ansenye ke Papa nou ki nan Syèl la konnen bezwen nou epi li bay nou chak yon pake swen spirityèl pou ede nou tounen al jwenn ni. Weatherford T ClaytonPlan gloriye Papa nou anÈldè Clayton temwaye konsènan plan sali Pè Selès la, ansanm ak wòl Jezikri ak Ekspyasyon L lan nan plan sa a. Dale G. RenlundBon BèjeÈldè Renlund dekri Jezikri kòm Bon Bèje, ki gen konpasyon malgre enpèfeksyon nou yo e ki jwenn lajwa lè l wè brebi l yo geri. Ulisses SoaresMete konfyans ou nan Bondye san douteÈldè Soares anseye ke nou dwe fèm e pa ebranle nan lafwa nou. Mark A. BraggPlis an plis klere jiskaske jou pafè a riveÈldè Bragg anseye nou sou twa domèn kote nou kapab toujou jwenn limyè: limyè Legliz la, limyè levanjil la, ak limyè Kris la. Russell M. NelsonAtire pouvwa Jezikri nan lavi nouÈldè Nelson anseye ke nou ka atire pouvwa Jezikri nan lavi nou si nou aprann konnen li, si nou gen lafwa nan li, lonje lamen ba li, epi kenbe alyans nou yo. Sesyon Samdi aprèmidi Sesyon Samdi aprèmidi Dieter F. UchtdorfSoutyen Ofisye Legliz yoPrezidan Uchtdorf prezante non Otorite Jeneral yo ak Ofisye Jeneral yo pou yon vòt soutyen. Kevin R. JergensenRapò 2016 Depatman Odit Legliz laFrè Jergensen prezante Rapò 2016 Depatman Odit Legliz la. Brook P. HalesRapò statistic 2016Frè Hales bay rapò statistic Legliz la pou ane 2016 la. Robert D. HalesVin yon disip Senyè Jezikri nou anÈldè Hales anseye nou sou karakteristik youn nan lòt ki nesesè pou nou ka vin vrè disip Jezikri yo. Jeffrey R. HollandKantik nou chante ak sa nou poko chanteÈldè Holland itilize analoji kantik “Ce jour, au coeur j’ai du soleil” la pou bay ankourajman pou moun ki santi yo pa ka chante “melodi lajwa” yo. Gary B. SabinKanpe fèm andedan ak totalman angajeÈldè Spain konseye nou pou nou “tout angaje” pandan n ap efòse nou pou n vanyan nan kenbe prensip yo nan levanjil Jezikri a. Neil L. AndersenVenk mond lanÈldè Anderen anseye kisa savledi pou venk mond lan. Sa mande repanti, suiv Sovè a, kenbe alyans nou yo, epi bliye tèt nou pou sèvi lòt moun. M. Russell BallardRetounen e ResevwaÈldè Ballard envite nou pou n fè tout sa nou kapab pou n retounen al jwenn Paran Selès nou yo pou n resevwa benediksyon Yo genyen sere pou nou yo. Sesyon Jeneral Prètriz Sesyon Jeneral Prètriz Thomas S. MonsonJantiyès, charite, ak lanmouPrezidan Monson anseye detantè prètriz yo pou yo suiv egzanp jantiyès Sovè a. David A. BednarAple nan travay laÈldè Bednar anseye ke afektasyon yon misyonè pou travay nan yon lye byen presi se bagay ki segondè parapè ak apèl pou sèvi a. Li pale de preparasyon pou misyon tou. Dieter F. UchtdorfPi gran nan pami nou anPrezidan Uchtdorf mande nou pou n pa menmjan ak Pitit Loraj yo, pou n dezire pozisyon elve, men pou nou sèvi kote yo aple nou san nou pa atann yon rekonpans. Henry B. Eyring“Mache avèk Mwen”Prezidan Eyring anseye detantè prètriz yo ke Senyè a mayifye yo ak fòtifye yo si yo “mache avèk” Li nan sèvis yo nan prètriz la. Sesyon Dimanch maten Sesyon Dimanch maten Thomas S. MonsonPouvwa Liv Mòmon anPrezidan Monson ankouraje nou pou n li Liv Mòmon an chak jou pou nou kapab gen pwoteksyon kont peche ak mal pa mwayen yon temwayaj solid sou Jezikri. Joy D. JonesYon jenerasyon ki reziste a pecheSè Jones anseye ke nou ka ede timoun yo vin vanyan ak reziste a peche. Yoon Hwan ChoiPa gade sou kote, gade anlè!Èldè Choi anseye ke nou dwe envite lòt moun vin jwenn Kris la, epi nou ka fè sa si nou leve je gade Kris la kòm egzanp nou epi nou suiv Li. Ronald A. RasbandKite Sentespri a dirije NouÈldè Rasband anseye ke Sentespri a enspire, li temwaye, li anseye, epi li pouse nou aji. L. Whitney ClaytonKèlkeswa sa L di w fè, fè liÈldè Clayton anseye ke si nou obeyi kòmandman Bondye yo, menm nan ti fason piti, L ap beni nou ak lafwa ak fòs. Dallin H. OaksDivinite a ak Plan Sali aÈldè Oaks anseye ke, paske nou konnen laverite sou Divinite a ak plan sali a, nou gen kat jewografik pou vwayaj nou nan mòtalite a. Dieter F. UchtdorfLanmou pafè chase tout krentPrezidan Uchtdorf anseye ke nou ka viv pa lafwa olye nou pè si nou kwè nan amou pi ak pafè Jezikri. Sesyon Dimanch Apremidi Sesyon Dimanch Apremidi D. Todd ChristoffersonVwa avètisman anÈldè Christofferson mande pou nou avèti lòt yo nan pataje prensip levanjil yo pou ke yomenm tou yo ka aprann sou benediksyon gran plan bonè a. Joaquin E. CostaPou zanmi ak envestigatè yo nan Legliz laÈldè Costa pataje kat prensip pou zanmi ak envistigatè Legliz yo. S. Mark PalmerApresa Jezi te gade l, li te renmen lÈldè Palmer ansenye nan objèktif pou nou efektivman envite lòt yo swiv Kris, nou bezwen premyèman renmen yo. Gary E. StevensonKijan Sentespri a ede nou?Èldè Stevenson anseye ke Sentespri a—yon pèsonaj lespri epi yon manm Divinite a—avèti, rekonfòte, e temwaye. C. Scott GrowE sa se lavi etènèlÈldè Grow anseye ke nou ka vin konnen Bondye atravè lapriyè, etid ekriti yo, ak nan obeyi volonte Li. Quentin L. CookFondasyon lafwaÈldè Cook anseye ke nou dwe fè sakrifis epi gen imilite nesesè pou fòtifye lafwa nou nan Jezikri a.