Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Mas 2026
Egzòd 12
Pak Nou—Sentsèn nan
Gen yon pwen komen ant ansyen Pak la ak sentsèn nou pran chak semèn nan.
Ilistrasyon Alyssa Tallent
Anvan ansyen Izrayelit yo te kapab kite esklavaj yo nan peyi Lejip la, yo te mande yo pou yo te obeyi enstriksyon espesifik Senyè a te bay pou zanj destriktè a te ka epanye yo, oswa pa t pase bò kote yo (gade Egzòd 12). Apre yo te fin kite peyi Lejip, pèp Izrayèl la te selebre yon fèt chak ane, ke yo te rele fèt Delivrans (oswa Pak), pou yo te ka sonje kijan Senyè a te delivre pèp alyans Li a.
Pandan dènye semèn lavi Li nan mòtalite a, Jezikri te nan repa Pak la. Kounyea nou rele repa sa a Dènye Soupe a. Sovè a te itilize okazyon sa a pou L te entwodui òdonans sentsèn nan, ke nou patisipe chak semèn kounyea. (Gade Matye 26:26–28; Lik 22:19–20; Doktrin ak Alyans 20:77, 79.)
Men de pwen komen ki genyen ant premye Pak la, Dènye Soupe Senyè a, ak sentsèn nou pran jodia ki ka ede nou sonje delivrans nou atravè Sovè a.
Pen an
Pak : Pandan sèt jou, Izrayelit yo te manje pen san ledven (ki pi rapid pou kuit epi ki mwens fasil pou gen limon ak gate).
Dènye Soupe: Jezikri beni epi kase pen san ledven Pak la, epi Li te bay disip yo manje l. Li te di yo pou yo te manje l pou yo te ka sonje kò Li, ke L te konnen ki ta pral kase byento epi ki ta pral mouri, men ki t ap leve ankò.
Sentsèn: Nou manje pen pou nou sonje kò Jezikri.
Jezikri se Pen Lavi a. Atravè Rezirèksyon L lan, nou tout pral resisite avèk kò pafè, enkoriptib, imòtèl. Li delivre nou anba lanmò.
San Anyo a
Pak : Ti mouton Pak la se te yon ti mouton san tach ki te gen ennan. Yo te touye li, epi yo te ranmase san li nan yon bòl. Yo te tranpe izòp (yon fèy) nan bòl la, yo te itilize l pou simaye san an nan tout ankadreman/lento pòt sou deyò kay la. Sa sete siy ekteryè ki te idantifye pèp alyans Senyè a pou zanj destriktè a pa t pase bò kote yo pou yo te kapab delivre anba esklavaj nan peyi Lejip.
Dènye Soupe: Jezikri te itilize diven pou reprezante san Li. Li te di disip li yo pou yo te bwè Li nan memwa san Li, ki ta pral koule pou yo pou remisyon peche yo epi kòm yon pati nan yon nouvo alyans.
Sentsèn: Nou bwè dlo pou nou sonje san Jezikri.
Jezikri se Ti Mouton Bondye a. San L te koule pandan Li t ap soufri pou peche ak enfimite nou yo. San Li—sakrifis Li a—pwòpte nou. Li delivre nou anba peche.
© 2026 Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly For the Strength of Youth Message, March 2026. Haitian. 19936 036