Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Septanm 2025
Jezikri La pou Bon Jou yo Tou
Lè bagay yo ap mache byen, kijan nou ka rete konsantre sou Sovè a? Men kèk ide.
Imajine si yon zanmi w pase tan avèk ou lè yo nan pwoblèm epi yo evite w lè kè yo kontan. Relasyon Nòmal? Pa vrèman.
Èske nou pa janm fè Sovè nou an sa—chèche l nan moman difisil yo epi bliye Li nan bon moman yo?
Nou pale anpil sou fason Jezikri ede nou nan moman difisil nou yo, pwobableman paske tout moun, nan yon moman oswa yon lòt, fè fas a bagay difisil.
Men, gen kèk jou—semèn oswa menm ane, si nou gen chans— kote bagay yo ap mache reyèlman byen. Pafwa nou bliye Sovè a nan moman sa yo. Pèp Liv Mòmon yo te fè sa. Yo te pwospere nan benediksyon Bondye pou yon tan men yo te finalman tonbe nan ògèy lè yo te bliye Li.
Bon moman pa vledi ke nou toudenkou pa bezwen Jezikri ankò. Tan pwosperite yo se moman pafè pou nou rejwi avèk Sovè a, pa pou n bliye Li.
Konsa, kijan pou nou rete konekte avèk Jezikri ak Papa nou ki nan Syèl la lè eprèv yo p ap raple nou pou nou vire al kote yo?
Rete Enb
Lè bagay yo ap mache byen, li bon pou w selebre benediksyon ak akonplisman w yo. Men, pa bliye kimoun ki te fè l posib pou ou pou w kote ou ye a. Wa Benjamen mete l konsa nan diskou li nan Liv Mòmon an:
“Paske gade, èske nou tout pa mandyan? Èske nou tout pa konte sou menm Moun nan, Bondye menm, pou tout byen nou genyen, ni pou manje ni rad, pou lò ak lajan e pou tout kalite richès nou genyen?” (Mozya 4:19).
Rete enb konsènan siksè nou nan sonje sa Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri fè pou nou se yon bon fason pou enkli yo nan bon moman nou yo.
Rete Rekonesan
Rekonesans se youn nan pi bon antidòt pou ògèy ak oubli. Remèsye Bondye ap ede ou sonje Li ak tout byen Limenm ak Pitit Li a fè nan lavi ou. Sa osi efikas nan bon moman ak nan moman difisil yo.
Rete Vijilan
Youn nan atak Satan pi renmen se “andòmi nou, epi mennen [nou] nan sekirite chanèl” (2 Nefi 28:21). Sa vle di, li t ap renmen sa si w santi w tèlman satisfè ak an sekirite nan bon moman w yo ke ou bliye sa k pi enpòtan an. Konsa, pa bliye Bondye! Lè ou rete konsyan de riz sibtil advèsè a epi ou reziste anba yo menm pandan bon moman ou yo, ou ka rete pwòch Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.
Bon Bèje a, pa Michael Malm
Rete Santre sou Kris la
Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Lè lavi nou santre sou plan sali Bondye a … ak sou Jezikri ak levanjil Li a, nou ka santi lajwa kèlkeswa sa k rive—oswa sa k pa rive—nan lavi nou. Lajwa nou soti nan Li e gras avèk Li. Li se sous tout lajwa.”
Konbyen fwa ou panse ak verite sa a sou lajwa a lè lavi w ap mache byen? Sa a se pa sèlman konsèy rekonfòtan pou lè bagay yo difisil. Li toujou vre, menm nan pi bon jou nou yo tou. Konsa, fè tout sa ou kapab pou w konsantre sou Kris la, nan bon oswa move moman.
© 2025 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly For the Strength of Youth Message, September 2025.Haitian19626 036