2025
Èd nan men Jezikri: Poukisa ak Kijan
Pou Fòs Jèn yo Avril 2025


Mesaj mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Avril 2025

Èd nan men Jezikri: Poukisa ak Kijan

Konprann poukisa Jezikri se repons lan ak kijan Li ede ou.

Jezikri

Ilistrasyon pa Dan Wilson

“Mwen santi tankou mwen kontinye ap fè erè. Li difisil pou m kontinye eseye.”

“Sitiyasyon mwen difisil. Mwen pa fin sèten kijan pou m avanse pi devan.”

“Mwen enkyete konsènan lavni. Mwen pa konnen si mwen gen sa ki nesesè pou m reyisi.”

“Mwen fatige anpil, men m toujou gen plis pou m fè.”

Èske w rekonèt nenpòt nan pwoblèm sa yo? Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Kèlkeswa kesyon oubyen pwoblèm ou genyen, w ap toujou jwenn repons la nan lavi ak ansèyman Jezikri yo” (“Repons lan se toujou Jezikri,” Konferans jeneral Apr. 2023 [Liahona, Me 2023, 127]).

Li fasil pou n di, “Jezikri se repons lan.” Sa mande yon ti kras plis efò pou n konprann poukisa ak kijan Li se repons lan.

Poukisa Kris se Repons lan?

Lè Li te andire sakrifis ekspyatwa Li a, Sovè a te fè twa bagay enpòtan:

  1. Li te simonte lanmò, sa ki pèmèt nou resisite.

  2. Li te peye pri a pou tout peche, sa ki rann li posib pou nou repanti, grandi, epi retounen vin jwenn Bondye. Sa ede nou padone lòt moun lè yo peche tou, paske Kris la te pran peche yo sou tèt Li.

  3. Li te fè eksperyans anpil doulè, afliksyon, tantasyon, maladi, ak enfimite (gade Alma 7:11–13). Sa vledi Li konnen egzakteman kijan pou L ede ak geri ou epi Li ka fòtifye ou pou andire eprèv ak fè efò pou n vin pi bon.

Chwazi nenpòt pwoblèm, epi ou ka konekte solisyon an tounen nan youn oswa plis nan twa verite sa yo.

Pòvrete? Paske Jezikri te fè eksperyans tout bagay, Li konnen egzakteman sa li ye. Li pa toujou retire obstak la, men Li ka fòtifye moun k ap pote chay sa a (gade Mozya 24:15).

Echèk? Paske Kris la te simonte peche, echèk nou yo pa oblije pèmanan. Repantans enkli amelyore ak vin pi plis moun Li konnen nou kapab ye a.

Maladi? Paske li te simonte lanmò, nou pral resisite ak kò pafè iminize kont maladi ak doulè. Kris “[te pran] sou li … tou maladi” (Alma 7:11), sa ki fè Li se moun pafè a pou ofri rekonfò ak sipò.

Kijan Kris la Ede?

Men, menm lè nou konnen poukisa Sovè a se repons lan (akòz moun Li ye ak sa Li fè pou nou), nou toujou bezwen konnen kijan nou jwenn èd ak fòs nan men Li. Men kèk fason:

Priyè. Lè nou priye nan non Jezikri, moun enpafè tankou nou ka pale avèk yon Bondye ki pafè. Nou ka priye pou fòs nou bezwen nan nenpòt sitiyasyon, epi Bondye ap reponn—pa toujou nan fason nou vle oswa atann, men nan yon fason ki pral beni nou. Envitasyon Sovè a reyèl: “Mande, epi n ap resevwa” (Jan 16:24; 3 Nefi 27:29; Doktrin ak Alyans 4:7).

Don Sentespri a. Papa nou ki nan Syèl la, Jezikri, ak Sentespri a ini nan objektif. Yo travay ansanm! Nenpòt lè ou santi gidans oswa rekonfò ki soti de Sentespri a, ou ka konprann ke se Kris k ap ede ou tou.

Kenbe Alyans. Èldè Dale G. Renlund nan Kolèj Douz Apot yo te anseye: “Tèm chemen alyans lan fè referans ak yon seri alyans kote nou vini jwenn Kris la epi konekte avèk Li. Atravè lyen alyans sa a, nou gen aksè a pouvwa etènèl Li” (konferans jeneral Avr. 2023 [Liahona, Me 2023, 36]).

Gras. Lè nou egzèse lafwa nan Jezikri ak repanti, nou kapab resevwa èd ak fòs adisyonèl (ki rele gras Bondye tou) pou akonpli bagay nou pa ta kapab akonpli poukont nou (gade Gid Ekriti yo, “Gras”). Fòs sa a, oswa gras sa a, ka vini nan plizyè fason: soti nan Sentespri a, yon zanmi, yon etranje, yon santiman. Fondamantalman, tout sa ki bon soti nan Kris la (gade Mowoni 7:22). Lè ou jwenn jis yon ti kras plis pasyans, yon ti kras plis enèji, yon ti kras plis fòs pou andire, rekonèt ke se Kris la k ap ede ou.

Sonje Poukisa ak Kijan

Konsa, pwochèn fwa ou bezwen yon repons pou yon kesyon oswa yon pwoblèm, gade Kris la. Sonje ke akoz viktwa Li sou peche, lanmò, ak tout lòt pwoblèm mòtalite yo, pa gen anyen ki enposib. Chèche jwenn kijan Li ka beni ou, epi ou pral wè enfliyans Li nan lavi ou. Li renmen nou pwofondeman!