Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Mas 2025
Kijan pou nou viv nan mond lan epi “mete bagay ki nan mond lan akote”?
Disip Li Te Chwazi Yo, pa Casey Childs
Senyè a di: “Ou dwe mete bagay ki nan mond sa a sou kote, epi chèche bagay ki pou yon mond ki pi bon.” (Doktrin ak Alyans 25:10). Sa pa vledi pou nou inyore bezwen tanporèl ak materyèl nou yo, men sa vledi pou nou pa mete kè nou sou richès, pouvwa, pozisyon, oswa apwobasyon mond lan. Men kèk prensip yo te anseye nou konsènan viv nan mond lan:
Mete bagay Bondye yo an premye. “Chèche premyèman wayòm Bondye a, ak jistis li” (Matye 6:33). Nan kè nou ak nan lavi nou, kòmandman Bondye yo ak alyans nou fè avèk Li yo se priyorite nou.
Chèche aprann. “Pandan w ap aprann osijè mond ki antoure w la, aprann osijè Sovè a tou. … Plis ou aprann, se plis ou ka ede bati wayòm Bondye a epi enfliyanse mond lan pou byen” (Pou Fòs Jèn yo: Yon Gid pou Fè Chwa [2022], 31, 32).
Travay. “Travay se yon prensip levanjil ki enpòtan. Li ankouraje pwogresyon epi devlope nou. … Senyè a vle non sèlman pou nou pran swen fanmi nou men tou pou nou ‘gen bon dezi pou angaje nan yon bon kòz’ [Doktrin ak Alyans 58:27]” (“Anplwa,” Sijè ak Kesyon, Bibliyotèk Levanjil la).
© 2025 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly For the Strength of Youth Message, March 2025. Haitian. 19628 036