“Sen yo Ale nan Lwès”, Zanmi, Desanm 2025, 26–28.
Mesaj Mansyèl Zanmi, Desanm 2025
Sen yo Ale nan Lwès
Apre Joseph Smith te fin mouri, Brigham Young ak lòt Apot yo te dirije Legliz la. Brigham te konnen Sen yo te oblije kite Nauvoo paske li pa t gen sekirite. Men Senyè a te vle pou yo te fini bati tanp lan dabò.
Lè tanp lan te pare, plizyè milye Sen te fè alyans avèk Senyè a epi yo te sele antanke fanmi.
Kounyea sete moman pou kòmanse vwayaj yo ale nan lwès la. Tanperati a te frèt, moun yo te malad ak grangou.
Brigham te priye pou èd. Senyè a te di yo ta dwe ede youn lòt, epi Li t ap beni yo epi ede yo.
Vwayaj la te toujou difisil anpil. Gen kèk moun ki te mouri. Men, akoz alyans tanp yo, Sen yo te konnen ke yo t ap wè manm fanmi yo ankò.
Premye Sen yo te rive nan Vale Salt Lake la an 1847. La a yo ta kapab adore Senyè a epi fè travay Li a nan lapè.
Atravè ane yo, plis Sen te rive epi yo te bati plis tanp. Misyonè yo te vwayaje tout kote nan mond lan pou anseye levanjil Jezikri a. Legliz Sovè a te kontinye grandi, ap beni pitit Papa nou ki nan Syèl la yo toupatou.
Paj pou Kolorye
Li se Limyè, Lavi, ak Espwa Mond lan.”
Ilistrasyon pa Corey Egbert
Kisa w fè nan sezon Nwèl pou sonje Jezikri?
© 2025 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Friend Message, December 2025. Haitian. 19637 036