"Jane Manning Vwayaje ale Nauvoo," Zanmi, Oktòb 2025, 26–28.
Mesaj Mansyèl Zanmi an, Oktòb 2025
Jane Manning Vwayaje ale Nauvoo
Kote Jane Manning t ap viv la, gen kèk moun ki te trete l mal akoz koulè po li. Yon jou, li te tande yon misyonè ki t ap anseye. Byen vit apre, li te batize.
Fanmi Jane te batize tou. Yo tout te vle rete avèk Sen yo nan Nauvoo. Konsa, yo te kòmanse vwayaj yo a.
Fanmi Jane te vle vwayaje nan bato pou yon pati nan vwayaj la, men yo pa t gen ase lajan. Se sa k fè yo te oblije mache sou yon distans 800 mil (1,300 km).
Yo te oblije travèse yon rivyè byen fon epi dòmi deyò nan fredi a. Men, yo te detèmine pou yo te rive Nauvoo. Yo te chante pou yo te ankouraje tèt yo pandan yo t ap mache.
Fanmi Jane te mache jiskaske soulye yo te dechire epi pye yo te blese. Men, lè yo te priye mande Bondye èd, Li te geri pye yo.
Yo te ede moun yo te rankontre sou wout la. Yo te menm ede geri yon timoun malad akoz lafwa yo.
Finalman, Jane ak fanmi l te rive Nauvoo! Lè Joseph Smith te tande tout sa yo te pase, li te di Jane, "Bondye beni ou. Ou nan mitan zanmi kounye a."
Paj pou Kolorye
Jezi Vle Pou M Renmen Tout Moun
Ilistrasyon Corey Egbert
Ki jan w demontre lanmou pou lòt moun?
© 2025 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 19/6. Apwobasyon Tradiksyonl: 19/6. Tradiksyon Monthly Friend Message, October 2025. Haitian Creole. 19630 036