2025
Konstriksyon Nauvoo
Me 2025


“Konstriksyon Nauvoo,” Zanmi, Septanm 2025, 26–28.

Mesaj Mansyèl Zanmi, Septanm 2025

Konstriksyon Nauvoo

Premye Sen yo k ap viv nan tant sou rivaj Rivyè Misisipi a

Senyè a te di Sen yo pou yo rasanble nan yon nouvo kote. Sete toupre yon gwo rivyè, kote tè a te mouye epi plen labou. Sa pa t sanble tankou yon bon kote pou bati yon vil. Men, Pwofèt Joseph Smith te konnen avèk èd Senyè a, yo te kapab fè l bèl.

Gason k ap pote bwa sou zepòl li, yon chwal ak charyo ak materyèl konstriksyon, ak kabin an bwa
Joseph Smith ak lòt gason ap poze brik pandan y ap bati yon kay

Sen yo te travay di pou yo te fè l vin yon bon kote pou yo te viv. Pwofèt Joseph te rele vil la Nauvoo, sa ki vledi “yon bèl kote.”

Joseph Smith k ap montre yon kote sou yon ti mòn pou yon tanp

Senyè a te vle pou Sen Li yo bati yon tanp nan Nauvoo. Moun yo te kòmanse travay rapidman.

Joseph Smith k ap anseye lòt Sen nan yon kay

Senyè a te genyen gwo benediksyon pou L te bay pèp Li a. Nan tanp lan, yo tapral fè alyans, oswa pwomès espesyal, avèk Senyè a. Yo tapral aprann tou konsènan plan bonè Papa nou ki nan Syèl la pou tout pitit Li yo.

Tanp Nauvoo a ki fini.

Sen yo te travay di pou yo te bati tanp lan. Sa te pran anpil tan, men yo te kontan aprann konsènan pwomès espesyal Senyè a te gen pou yo nan tanp Li a.

Paj pou Kolorye

Tanp lan se Kay Senyè a.

Paj pou kolore yon tanp Aktivite PDF

Ilistrasyon pa Corey Egbert

Kijan w santi w lè ou wè yon tanp?