“Prizon Liberty,” Zanmi, Out 2025, 26–28.
Mesaj Mansyèl Zanmi, Out 2025
Prizon Liberty
Anpil moun nan Misouri pa t renmen Sen yo. Gouvènè a te voye sòlda pou fè yo ale.
Sòlda yo te arete Joseph Smith ak lòt dirijan Legliz yo. Yon jou swa, gad yo t ap ri apwopo move bagay yo te fè Sen yo.
Joseph te kanpe epi li te kriye: “Silans!” Li te pale avèk pouvwa Bondye. Gad yo te di yo te regrèt epi yo te sispann pale.
Nan apre, yo te mete Joseph ak zanmi l yo nan prizon nan yon vil ki te rele Liberty. Prizon an te frèt anpil, li te piti, epi l te fènwa. Yo te gen sèlman kèk pay sal pou yo te dòmi. Manje yo te ba yo a te fè yo malad.
Joseph te enkyete pou Sen yo. Men, li pa t kapab fè anyen pou ede yo.
Joseph te priye anpil. Li te mande si Bondye te bliye li ak manm Legliz yo.
Bondye te reponn priyè Joseph la. Li te di, “Pitit gason m nan, lapè nan nanm ou.” Bondye te di Joseph ke difikilte l yo pa t ap dire pou tout tan, e yo t ap pou byen l. Li te pwomèt ke Li t ap avèk Joseph “pou tout tan” (Doktrin ak Alyans 121:7, 46).
Paj pou Kolorye
Mwen Ka Vin Tankou yon Limyè pou Lòt Moun
Ilistrasyon pa Corey Egbert
Kijan w se yon bon egzanp pou lòt moun?
© 2025 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Friend Message, Out 2024.Haitian. 19642 036