Mesaj Mansyèl Zanmi, Jiyè 20245
Apot yo Sèvi yon Misyon nan Grande Bretagne
Senyè a te di Joseph Smith pou voye kèk nan Apot yo nan yon misyon an Grande Bretagne. Li te difisil pou Apot yo kite fanmi yo, men Senyè a te pwomèt pou beni yo.
Heber C. Kimball ak madanm li, Vilate, te gen yon jèn fanmi. Anpil nan yo te malad anpil.
Brigham Young te malad tou, epi fanmi l te pòv. Men, madanm Brigham, Mari Ann, te di l: “Ale epi ranpli misyon ou, epi Senyè a ap beni ou.”
Heber ak Brigham te vin santi yo pi byen, men yo te trè fèb. Yo te vle preche levanjil la, se sa k fè yo te di fanmi yo orevwa epi monte nan dèyè yon charyo pou kòmanse vwayaj yo a.
Apre yon vwayaj byen long atravè oseyan an, Heber ak Brigham te rive nan Grande Bretagne. Avèk lòt Apot yo, yo te anseye anpil moun levanjil la. Plizyè milye moun te batize nan Legliz Jezikri a. Anpil nan yo te navige atravè lanmè a pou yo rejwenn Sen yo nan Etazini.
Senyè a te kenbe pwomès li pou l te pran swen fanmi Heber ak Brigham pandan yo t ap sèvi Li kòm misyonè.
Paj pou Kolorye
Bondye Te Kreye Chak Kreyati Sou Tè a.
Ilistrasyon pa Corey Egbert
Kisa ki kreyati prefere ou?
© 2025 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Friend Message, July 2024.Haitian, 19348 036