2025
Apot yo Sèvi yon Misyon nan Grande Bretagne
Me 2025


Mesaj Mansyèl Zanmi, Jiyè 20245

Apot yo Sèvi yon Misyon nan Grande Bretagne

Joseph Smith imajine Apot yo k ap preche nan Grande Bretagne

Senyè a te di Joseph Smith pou voye kèk nan Apot yo nan yon misyon an Grande Bretagne. Li te difisil pou Apot yo kite fanmi yo, men Senyè a te pwomèt pou beni yo.

Fanmi Kimball malad nan kabann

Heber C. Kimball ak madanm li, Vilate, te gen yon jèn fanmi. Anpil nan yo te malad anpil.

Brigham Young ap di fanmi li orevwa

Brigham Young te malad tou, epi fanmi l te pòv. Men, madanm Brigham, Mari Ann, te di l: “Ale epi ranpli misyon ou, epi Senyè a ap beni ou.”

Heber ak Brigham monte nan dèyè yon charyo

Heber ak Brigham te vin santi yo pi byen, men yo te trè fèb. Yo te vle preche levanjil la, se sa k fè yo te di fanmi yo orevwa epi monte nan dèyè yon charyo pou kòmanse vwayaj yo a.

Heber ak Brigham k ap preche moun nan Grande Bretagne.

Apre yon vwayaj byen long atravè oseyan an, Heber ak Brigham te rive nan Grande Bretagne. Avèk lòt Apot yo, yo te anseye anpil moun levanjil la. Plizyè milye moun te batize nan Legliz Jezikri a. Anpil nan yo te navige atravè lanmè a pou yo rejwenn Sen yo nan Etazini.

Fanmi Heber ak fanmi Brigham yo salye yo sou waf la

Senyè a te kenbe pwomès li pou l te pran swen fanmi Heber ak Brigham pandan yo t ap sèvi Li kòm misyonè.

Paj pou Kolorye

Bondye Te Kreye Chak Kreyati Sou Tè a.

Aktivite koloryaj yon chat, papiyon, ak flè Page PDF

Ilistrasyon pa Corey Egbert

Kisa ki kreyati prefere ou?