“Lucy Jwenn Verite a,” Zanmi, Avril 2025, 26–28.
Mesaj Mansyèl Zanmi, Avril 2025
Lucy Jwenn Verite a
Yon jou, Lucy Morley, laj 15 an t ap ede vwazen li, Abigail Daniels, tise twal. Pandan yo t ap travay, twa misyonè te frape pòt la. Yo te di ke Jezikri te voye yo pou yo te pataje yon mesaj.
Mesye yo te di Abigail ak Lucy ke Jezi te aple Joseph Smith pou l te yon pwofèt. Yo te pale de Liv Mòmon an avèk yo tou.
Lucy te etone wè ke Abigail te ankòlè. Li te fè misyonè yo kite lakay li.
Lucy te konnen ke misyonè yo sete sèvitè Bondye. Li te di yo pou yo te vin vizite fanmi li pi ba sou wout la.
Misyonè yo te ale lakay Morley. Paran Lucy yo te envite misyonè yo pou yo te anseye yo ak zanmi yo.
Jou swa sa a, 17 moun te batize. Nan kèk jou apre yo, 50 moun anplis te tande misyonè yo epi yo te batize. Menm vwazen Lucy a Abigail te chanje lide l. Limenm ak mari l ansanm avèk Lucy ak manm fanmi l, te chwazi suiv Jezikri nan vin batize.
Paj pou Kolorye
Gras a Jezikri, M Ap Resisite.
Ilistrasyon pa Corey Egbert
Kijan w sonje Jezi nan peryòd Pak la?
© 2025 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Friend Message, April 2025. Haitian. 19631 036