“Prètriz la Retabli,” Zanmi, Mas 2025, 26–28.
Mesaj Mansyèl Zanmi, Mas 2025
Prètriz la Retabli
Ou ka li istwa sa a nan Joseph Smith—Istwa 1:66–73 ak Doktrin ak Alyans 27:12.
Apre Joseph Smith te resevwa plak lò yo, li te kòmanse tradui yo. Oliver Cowdery te ekri sa l t ap di yo. Pandan yo t ap travay, yo te aprann ke Jezikri te vle pou tout moun batize.
Joseph ak Oliver t ap mande tèt yo kiyès ki te gen pouvwa Bondye pou batize moun. Yo te antre nan boskè a pou yo t al priye epi mande Bondye.
Pandan yo t ap priye, yon zanj te parèt. Li te di li se Jan Batis, limenm ki te batize Jezikri depi lontan an. Li te bay Joseph ak Oliver Prètriz Aawon an pou yo te ka batize lòt moun. Prètriz la se pouvwa Bondye. Yo itilize l pou beni pitit Bondye yo.
Jan Batis te di Joseph ak Oliver pou yo te batize. Yo te antre nan yon rivyè epi youn te batize lòt. Lè yo te soti nan dlo a, yo te ranpli avèk Sentespri a. Yo te kontan anpil!
Nan apre, gen lòt zanj ki te vini. Twa nan Apot Jezi yo—Pyè, Jak, ak Jan—te bay Joseph ak Oliver Prètriz Mèlkisedèk la. Kounyea, Joseph ak Oliver te kapab bay lòt moun don Sentespri a.
Paj pou Kolore
Jezi Renmen Chan ki soti nan kè Moun
Ilistrasyon Corey Egbert
Kijan w santi w lè w ap chante osijè Jezikri?
© 2025 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Friend Message, Mas 2025. Haitian. 19636 036