2025
Prètriz la Retabli
Mas 2025


“Prètriz la Retabli,” Zanmi, Mas 2025, 26–28.

Mesaj Mansyèl Zanmi, Mas 2025

Prètriz la Retabli

Ou ka li istwa sa a nan Joseph Smith—Istwa 1:66–73 ak Doktrin ak Alyans 27:12.

Joseph Smith k ap pale avèk Oliver Cowdery avèk yon reprezantasyon ki montre Kris la k ap vizite Nefit yo

Apre Joseph Smith te resevwa plak lò yo, li te kòmanse tradui yo. Oliver Cowdery te ekri sa l t ap di yo. Pandan yo t ap travay, yo te aprann ke Jezikri te vle pou tout moun batize.

Joseph Smith ak Oliver Cowdery k ap priye nan boskè a

Joseph ak Oliver t ap mande tèt yo kiyès ki te gen pouvwa Bondye pou batize moun. Yo te antre nan boskè a pou yo t al priye epi mande Bondye.

Yon zanj avèk men li yo sou tèt Joseph Smith

Pandan yo t ap priye, yon zanj te parèt. Li te di li se Jan Batis, limenm ki te batize Jezikri depi lontan an. Li te bay Joseph ak Oliver Prètriz Aawon an pou yo te ka batize lòt moun. Prètriz la se pouvwa Bondye. Yo itilize l pou beni pitit Bondye yo.

Joseph Smith k ap batize Oliver Cowdery

Jan Batis te di Joseph ak Oliver pou yo te batize. Yo te antre nan yon rivyè epi youn te batize lòt. Lè yo te soti nan dlo a, yo te ranpli avèk Sentespri a. Yo te kontan anpil!

Twa zanj ki mete men yo sou tèt Joseph Smith

Nan apre, gen lòt zanj ki te vini. Twa nan Apot Jezi yo—Pyè, Jak, ak Jan—te bay Joseph ak Oliver Prètriz Mèlkisedèk la. Kounyea, Joseph ak Oliver te kapab bay lòt moun don Sentespri a.

Paj pou Kolore

Jezi Renmen Chan ki soti nan kè Moun

Kè avèk nòt mizik

Ilistrasyon Corey Egbert

Kijan w santi w lè w ap chante osijè Jezikri?