Libreri
Jwenn Fòs ak Soulajman nan Jezikri: Hannah Miller


3:25

Jwenn Fòs ak Soulajman nan Jezikri: Hannah Miller

Devosyon Sosyete Sekou 2026: Yon Rasanbleman Fi Mondyal

Dimanch 8 Mas, 2026

Mwen te resevwa apèl sè m nan pou l te di m mwen te bezwen vin lakay mwen pou m te ka wè papa m anvan l mouri. Fanmi nou te kòmanse jounen sa a ap fè jèn pou yon mirak, epi kou nou te fini jèn nou an, nou te di papa m orevwa, epi li te mouri yon ti tan apre. E menm nan moman sa a, mwen te konnen mirak la sete jan li te jwenn soulajman anba maladi mòtèl li a ak difikilte l yo. Epi, mwen panse ak doulè sa te pote nan fanmi nou. Men, Senyè a te ba nou soulajman byen vit. Pi souvan sou fòm zanmi ak fanmi ki te ba nou anpil rekonfò ak konpayi pandan moman difisil sa a pou nou an.

Epi pandan m t ap reflechi sou eksperyans sa a, mwen te etidye—mwen t ap etidye yon ekriti nan Liv Mòmon an. Se nan Pawòl Mòmon yo, epi nan vèsè 17 ak 18, li pale de Wa Benjamen, ki te gen gwo tach pou l te kreye lapè nan yon sosyete. Epi mwen renmen sa l di a. Li di, “Wa Benjamen te yon nonm sen, e li te gouvène pèp li a avèk lajistis; e te gen anpil nonm ki sen nan peyi a.” Epi pi devan li di: “avèk èd moun sa yo, wa Benjamen te travay avèk tout pouvwa kò li e avèk fakilte tout nanm li, e pwofèt yo tou, yo te tabli lapè nan peyi a yon fwa ankò.”

Epi mwen panse ak fraz sa a "avèk èd yo" ak kantite fwa mwen te fè fas ak difikilte nan lavi mwen ke m pa t ap ka simonte san èd gason ak fi sen ki te la pou chita bò kote m, kriye avèk mwen, konsole m, pandan nou kanpe kòm temwen Bondye. Pafwa priyè nou yo sanble anven. Nou santi se kòmsi nou pa jwenn repons pou yo, petèt menm Senyè a pa tande yo. Men, mwen vle temwaye ke yo tande priyè sa yo epi yo jwenn repons nan yon fason ki pafè. Paske Senyè a sousye de ou, Li sousye de priyè w yo, Li sousye pou bagay k ap peze sou lespri w ak kè w yo, Li sousye pou sa ki fè w paka dòmi lannuit. Epi repons sa yo ap vini. Y ap vini.