2017
Seigneur, merci pour le prophète
September 2017


Jèn yo

Seigneur, merci pour le prophète

Kijan pwofèt nou an, President Thomas S. Monson, enfliyanse w? Kisa w ap pi sonje konsènan limenm? Anvizaje ekri nan jounal ou konsènan Prezidan Monson ak lavi l—jan l dekri enfliyans chak pwofèt sonje yo nan mesaj sa a.

Ou ta gen dwa vle chwazi yon bagay li te di ke w renmen epi ekri l kote w ap wè l souvan, tankou nan yon klasè oswa kòm yon nòt nan chanm ou. Ou ta kapab menm fè l tounen yon foto epi itilize l kòm fon sou telefòn ou! Chak fwa ou wè sitasyon an, ou ta kapab reflechi sou enpòtans yon pwofèt vivan epi sonje ke li la pou renmen nou ak gide nou jodi a.