2012
Priyè lafwa mwen
fevriye 2012


Jèn yo

Priyè lafwa mwen

Lè m te gen 18 tan, mwen te travay nan yon magazen mèb kòm vandè. Orè travay mwen te trè difisil. Mwen te travay soti 8:00 dimaten rive 10:00 diswa, Lendi jiska Samdi. Mwen te tris paske m pa t kapab patisipe nan enstiti ak nan aktivite Legliz yo.

Mwen te kòmanse priye Papa nou ki nan syèl la avèk anpil lafwa pou mande li pou ede m jwenn yon travay kote m pa t gen pou travay jou Samdi pou m te kapab ale nan enstiti ak lòt aktivite yo.

Yon jou m t ap ede yon mesye nan travay la. Nou te kòmanse pale, epi li te di m li t ap travay nan yon gwo bank. Mwen te mande l kijan m ta ka aplike pou yon travay nan bank sa a. Li te ban m non li ak nimewo telefòn ni epi li te di m pou m te rele moun ki t ap anplwaye moun yo e di ke mwen konnen li. Mwen te ale nan bank lan e m te pase egzamen nesesè yo. Mwen te reyisi e m te kòmanse travay sizèdtan pa jou, Lendi a Vandredi, pandan ke salè mwen te twa fwa plis pase sa m te genyen anvan an.

Mwen konnen Senyè a gide nou lè nou gen dezi pou mete L anpremye. Li toujou kontinye gide mwen jiska jodia. Mwen konnen prensip lapriyè a vrè.