Pou Fòs Jèn yo
Aprè Erè Ou yo - Menm Pi Gwo yo
Pou Fòs Jèn yo Avril 2026


Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Avril 2026

Aprè Erè Ou yo - Menm Pi Gwo yo

Nou kapab aprann anpil bagay nan men Apot Pyè kosènan Sovè a, Ekspyasyon Li a, ak eseye ankò.

Pyè k ap nye Kris

Reniman Pyè, pa Carl Bloch

Pifò nan nou te omwen kenbe yon souvni ke nou swete nou te ka jis bliye. Kit se te yon moman anbara, yon aksidan fizik penib, oubyen yon diskisyon kote w te di pawòl ou swete ke w te ka retire, gen anpil moman nan lavi kote yon bouton "re-kòmanse" oubyen menm "efase" sanble l trè atiran.

Yon Pwofesi Anmè ki Akonpli

Apot Pyè sete yon moun enteresan nan Nouvo Testaman an. Li te gen lafwa ak kouraj pou l te mache sou dlo al jwenn Jezi, men kèk moman aprè, li te kite laperèz anvayi l epi l te kòmanse koule, epi kriye nan pye Senyè a pou l te mande l sekou. (gade Matye 14:28–31). Byenke nou pa konnen tout detay sou lavi Pyè yo, nou konnen yon lè li te kriye anpil.

Jis kèk èdtan anvan yo te arete Jezikri, Li te pwofetize ke Pyè ta pral nye li twa fwa anvan kòk la te chante de fwa. Pyè te refize kwè nan yon pwofesi konsa epi l “te pale ak plis fòs toujou, Menm si m ta dwe mouri avèk ou, mwen p ap janm di sa" (Mak 14:31).

Natirèlman, pwofesi Sovè a te vin vre. Avèk panik ak laperèz ki te antoure arestasyon Sovè a, kouraj Pyè te soti sou li. Aprè Pyè te fin nye de fwa ke li pa t konnen Sovè a, epi sou presyon yon twazyèm fwa, li “te kòmanse modi ak sèmante, li te di: Mwen pa konnen nonm n ap pale de li a” (Mak 14:71).

Lè kòk la te chante de fwa epi Pyè te sonje pwofesi Sovè a, "li … kriye jouk li pa t kapab ankò" (Matye 26:75).

Men, se pa t fen istwa l la!

Travèse yon Kafou, Definitivman

Daprè tout sa nou kapab aprann nan ekriti yo, laperèz Pyè yo pa t janm depase temwayaj li sou Jezikri ankò. Li te temwaye avèk kouraj konsènan Sovè a nan chak okazyon, kèlkeswa risk pèsonèl li te pran pou l te fè sa. Sonje byen, Pyè t ap anseye yon pèp ki te fèk sot krisifye Jezikri! Danje a te reyèl.

Lè Pyè te geri yon nonm ki te enfim depi l te fèt, li te ba li lòd sa a: “Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve kanpe epi mache” (Travay 3:6), yo te arete l ansanm ak Jan epi yo te poze l kesyon sou kijan li te fè mirak sa a.

Pyè te reponn avèk kran, “Nou tout ak tout pèp Izrayèl la, nou fèt pou nou konnen ke Jezikri, nonm Nazarèt la, moun nou te krisifye a, moun Bondye te resisite pami mò yo, se li menm ki fè nonm sa a kanpe devan nou an sante.

“Se wòch sa a nou te meprize lè nou t ap bati a, se li menm ki tounen poto kwen an. Pa gen delivrans nan okenn lòt moun: paske pa gen okenn lòt non anba syèl la ki bay pami lèzòm, ki kapab delivre nou" (Travay 4:10-12).

Ala yon repons vanyan! Avèk evidans klè sou konviksyon li.

Sèvitè Enpafè, ki Kapab Sèvi Pafètman

Nou tout ap gen pou n peche nan lavi sa a. Malgre tout efò nou, detanzantan n ap echwe pou nou reyalize espwa ak entansyon nou yo. Jan Prezidan Jeffrey R. Holland (1940–2025), Prezidan Kolèj Douz Apot yo te anseye yon lè: “Eksepte nan ka sèl Pitit Gason pafè Li a, moun enpafè yo se tout sa Bondye te toujou genyen pou L travay avèk yo.”

Erè ou yo pa defini oubyen limite valè espirityèl ou—menm sa ki gwo yo! Paske li te repanti epi Kris la te padone li, reniman Pyè pou Kris la pa t anpeche li temwaye, anseye epi konvèti avèk anpil puisans pi devan. Ekriti yo chaje egzanp lòt disip ki te peche, te repanti, epi te kontinye avèk lafwa nan Kris la.

Satan ap toujou eseye konvenk ou ke erè w yo ap akimile e ke w pap janm kapab simonte yo. Inyore mansonj li yo!

Sè Tamara W. Runia, Premye Konseyè nan Prezidans Jeneral Jènfi a, te anseye: “Nou bezwen tande sa, konsa, m ap di pawòl sa yo byen fò: Ou pa vwa ki nan tèt ou a oubyen erè w te fè yo. Ou ka bezwen di sa byen fò tou. Di Satan, ’Se Pa jodia.’ Voye l ale.

“Santi atraksyon sa a, tristès divin lan ki fè w tounen al jwenn Sovè w la, epi gade gras Li antre nan lavi ou ak nan lavi moun ou renmen yo. Mwen pwomèt ou ke alaminit nou pote yon kè brize kourajezman ba Li, L ap la imedyatman.”

Jezikri

Christus Consolator (Kris Konsolatè a), pa Carl Bloch

Jou Briyan Ou yo Gen Pou Rive

Nan sezon Pak sa a, pandan w ap medite pi konplètman sou Ekspyasyon Sovè a, sonje ke kapasite pou repanti epi eseye ankò a se youn nan pi gwo kado ou kapab janm resevwa. Gras a Jezikri, pi move erè w yo kapab padone epi apresa voye yo jete tankou chenn lou.

“Sovè ap pi klere tout tan pase fènwa lawont lan,” Sè Runia te anseye.

Gras a Jezikri, espwa kapab toujou briye devan ou pandan w ap rete fokis sou Li.