Pou Fòs Jèn yo
Ou Vle Gen Plis Kè Kontan? Eseye Rekonesans
Pou Fòs Jèn yo Fevriye 2026


Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Fevriye 2026

Ou Vle Gen Plis Kè Kontan? Eseye Rekonesans

Lè lavi ou chaje ak chanjman, rekonesans kapab ede nou konsantre sou bagay pozitif epi rete optimis.

yon moun anba nyaj lapli ak yon moun ki antoure ak zwazo ak papiyon ak flè

Ilistrasyon pa Maggie Stephenson

Ou pap janm pi kontan pase ou rekonesan.”

Menm jan ak sitasyon sa a Èldè Gary B. Sabin nan Swasanndis yo sijere, nivo kè kontan nou enfliyanse dirèkteman pa nivo rekonesans nou. Li fè sans—lè nou rekonesan, nou konsantre sou bagay pozitif olye de bagay negatif.

Men, lavi pa toujou ale jan li te planifye. Chanjman inatandi ka rann nou pi strese, tris oswa fristre olye nou kontan. Men, lè bagay yo difisil, rekonesans kapab ede nou gade lespwa. Eseye twa metòd sa yo pou n pote plis rekonesans nan lavi nou.

1. Chache Bagay ki byen

Souvan, li pi difisil pou nou gen rekonesans lè nou santi tankou nou manke yon bagay. Men, ki benediksyon nou ka neglije lè nou konsantre sou sa nou pa genyen olye sou sa nou vrèman genyen?

Lè w ap chèche sa ki byen nan lavi ou, avèk letan l ap vin pi fasil pou jwenn li.

2. Eksprime rekonesans pou Donatè a

Lè nou konte benediksyon nou yo, pa bliye ki kote yo soti.

Remèsye Papa nou ki nan Syèl la pou kado Li yo—ki enkli kado Pitit Gason Li a - ka apwofondi lanmou ak lafwa nou nan Li. Prezidan D. Todd Christofferson, Dezyèm Konseye nan Premyè Prezidans lan, te eksplike tou, “Santi ak eksprime rekonesans anvè Bondye … ranpli adorasyon avèk yon sans renouvèlman jwaye,” ki pote lajwa ak fòs pou nou epi ede temwayaj nou rete an sekirite.

3. Konsantre sou Plan Papa nou ki nan Syèl la

Evidaman, gen rekonesans pa vledi inyore bagay difisil yo nan lavi nou oswa santi nou kontan tout tan. Menm Jezikri te santi ak rekonèt lapenn (gade Alma 7:11; Doktrin ak Alyans 19:18–19). Tristès se yon pati nòmal nan mòtalite.

Men, kèlkeswa sak pase, yon bagay pa janm chanje: Plan mizèrikòd Papa nou ki nan Syèl la. Tout tristès ak doulè nou andire nan lavi a pral repare akoz Jezikri ak Ekspyasyon Li a (gade Revelasyon 21:4).

Èldè Dieter F. Uchtdorf nan Kolèj Douz Apot yo te esplike: “Lè nou rekonesan nan moman detrès, sa pa vledi nou kontan ak sitiyasyon nou yo. Sa vledi ke atravè je lafwa, nou gade odela pwoblèm n ap travèse yo.”