Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Janvye 2026
Mache avèk Mwen
Tèm Jèn 2026 la ap ede w raple ke lè ou rete pwòch Bondye, Li pral mache avèk ou, toujou.
De goch adwat: Tamara W. Runia, Premyè Konseyè; Emily Belle Freeman, Prezidant; ak Andrea Muñoz Spannaus, Dezyèm Konseyè
Ou pa Poukont Ou
Èske yo konn janm mande w fè yon bagay ou pa t panse ou ta kapab fè? Petèt ou pa te santi ou solid ase oswa entelijan ase, oubyen ou enkyete pou lòt moun pa ri ak kritike ou. Si ou konn janm santi w konsa, ou pa poukont ou.
Dè milye ane de sa, te gen yon mesye yo te rele Enòk. Bondye te mande Enòk pou l te preche repantans bay pèp la—kèk nan moun ki te pi mechan tè a te janm wè.
Enòk pa te panse ke li te kapab fè sa. Li te di Bondye ke li te twò jèn, pa gen moun ki te renmen l epi li te “pale dousman” (gade Moyiz 6:31).
Men, Bondye te fè Enòk yon pwomès. Li di mesye ki te pè sa a: “Ale epi fè jan m kòmande ou” epi “mòn yo pral kouri devan w, epi rivyè yo pral detounen nan chemen yo; epi ou pral rete nan mwen, epi mwen menm nan ou menm; se poutèt sa, mache avèk mwen.” (Moyiz 6:32, 34).
“Mache avèk mwen.” Ala yon envitasyon senp epi bèl.
Bondye te pwomèt Enòk ke si li te brav ase pou li te kòmanse, lè sa a, Bondye t ap avèk li a chak etap nan chemen an. Bondye t ap fè Enòk puisan epi fòtifye li pou l fè plis epi ede li vin pi plis pase sa li te ka janm imajine.
Youn nan pil non yo bay Sovè a se Emanyèl, oubyen “Bondye avèk nou” (Matye 1:23). Sa fè pati non Senyè a ak nati Li pou Li mache avèk nou. Chwa a se pa nou—èske n ap mache avèk Li tou?
Nan epòk pa nou yo, nou gade Enòk kòm yon mesye ki te gen gwo lafwa epi kòm yon gran pwofèt ak lidè. Men, anvan Enòk pwofèt la, te gen yon jèn Enòk ki te doute de tèt li, men ki te kanmèm chwazi pou li te mache avèk Bondye.
Lè lavi a difisil, lè ou pa santi ou alawotè, sonje pwomès Senyè a te fè Enòk la, epi oumenm tou. L ap mache avèk ou. Li p ap kite ou poukont ou, menm pou yon grenn etap.
Emanyèl. Bondye avèk nou. Bondye avèk ou!
Prezidans Jeneral Jènfi a
De goch adwat: David J. Wunderli, Premye Konseye; Timothy L. Farnes, Prezidan; ak Sean R. Dixon, Dezyèm Konseye
Avèk Èd Li, Ou Ka Fè Tout Bagay
Menmjan avèk nou, jènjan yo, Senyè a te mande Enòk pou li te ranpli responsablite enpòtan nan pètriz la. Travay li sete pou l preche repantans bay yon pèp mechan. Enòk te eksprime dout li yo. “[Mwen] se sèlman yon timoun,” li te di. “Tout pèp la rayi m … Paske m pale dousman; epi m se sèvitè ou?” (Moyiz 6:31).
Senyè a te reponn avèk pouvwa ak rasirans. “Ale epi fè janm kòmande w la. … Louvri bouch ou, epi l ap ranpli … . Lespri m sou ou … ; mòn yo pral kouri devan ou … ; se poutèt sa mache avèk mwen” (Moyiz 6:32, 34).
Enòk te aprann ke lè Senyè a ban nou yon travay, nou pa fè fas avèk li poukont nou. Lè nou fè ak kenbe alyans avèk Kris la, nou mache avèk Li epi nou pataje nan pouvwa Li—nou vin tounen enstriman nan men Li.
Menmjan ak Enòk, ou gen yon wòl enpòtan: fè sèvis pastoral, sèvi nan tanp, administre sentsèn, etidye ekriti yo, viv prensip levanjil yo, repanti, prepare pou misyon, ak plis ankò. Sa ka parèt akablan. Ou gen dwa santi w pa alawotè. Sa OK. Pwen an se pa pou w fè l poukont ou. Pwen an se chwazi jodi a—jou sa a menm epi chak jou—pou w mache avèk Bondye.
Avèk èd Li, ou ka fè tout bagay. L ap fòtifye ou, padone ou, epi pèmèt ou ale pi lwen pase kapasite natirèl ou. Li renmen ou! Antanke Prezidans Jeneral Jènjan, nou renmen ou epi n ap tann pou nou ini avèk ou nan eksplore tèm enspiran 2026 la: “Mache avèk Mwen.”
Prezidans Jeneral Jènjan an
© 2026 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly For the Strength of Youth Message, January 2026. Haitian. 19934 036