Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Oktòb 2025
Poukisa Senyè a gen yon Legliz?
Objektif Legliz Kris la se "pou pèmèt moun yo ak fanmi yo ede Bondye nan akonpli travay sali ak egzaltasyon L lan." Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ede "kalifye tout pitit [Bondye] pou degre laglwa ki pi wo a, ki se egzaltasyon oswa lavi etènèl."
"Sovè a … bay [Legliz la] manda divin pou akonpli objektif Li—preche levanjil Li a, ofri òdonans ak alyans Li yo, epi rann posib pou pouvwa Li ka jistifye ak sanktifye nou."
Manm Legliz yo gen aksè a pouvwa ak benediksyon Jezikri atravè otorite pretriz la ak kle pretriz yo, alyans ak òdonans yo, konsèy pwofèt yo, ekriti yo, ak yon kominote Sen yo.
Yo mande Legliz la tou: "Leve epi briye, pou limyè nou kapab yon modèl pou nasyon yo" Doktrin ak Alyans 115:5).
Manm Legliz yo fè efò pou yo "briye" lè yo viv levanjil la, envite tout moun resevwa levanjil la, ini fanmi yo pou letènite, epi pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen. Sa a se travay sali ak egzaltasyon Bondye a.
© 2025 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 19/6. Apwobasyon Tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly For the Strength of Youth Message, October 2025. Haitian Creole. 19624 036