Mesaj Mansyèl Pou Fòs Jèn yo, Janvye 2025
Vire Je Gade Kris la
Doktrin ak Alyans 6:36.
Tèm 2025 pou Jèn yo ap ede w chwazi konfyans sou dout ak lafwa sou laperèz.
Kailey, ki gen 17 an, te nan yon ekip majorèt jiskaske yon aksidan te lakòz li te gen yon blesi grav andedan sèvo li. Tan gerizon an te fè l pa t ka al lekòl, epi li te kòmanse santi l te izole e poukont li. Li te lite emosyonèlman epi li pa t konnen ki kote pou l te chèche èd. Gen yon zanmi ki te konseye l pou l te koute misyonè yo. Yo te anseye l sou Ekspyasyon Jezikri a. Aprann plis sou Kris la te ba li espwa, epi li te santi l kòmsi Bondye Limenm te lonje men ba li.
Kailey te di manman l: ”Mwen pa t janm santi ke Bondye renmen m. Men kounyeya, mwen konnen Li renmen mwen.”
Manman l, Michelle, te yon ti kras sezi. Limenm ak mari l, Brock, te kite Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo lè Kailey te gen setan akoz plizyè kesyon, dout, ak enkyetid yo te genyen. Yo te sipoze ke pitit fi yo a t ap viv ak plis kontantman san tout reyinyon ak kòmandman yo. Yo pa t janm panse ke chwa yo te fè a t ap anpeche Kailey gen yon koneksyon sere kole avèk Bondye. Pandan Michèl ak Brock t ap konnstate fason Kailey te chanje, yo te reyalize ke sa te gen lontan depi yo te santi yo pwòch Bondye, epi yo te vle santi yo konsa ankò.
Yo te rankontre evèk yo, e byen vit, fanmi an, enkli frè Kailey a, Braeden, te retounen legliz. Santi yo pwòch Bondye ak rekonekte avèk Li a—espesyalman atravè lapriyè—te retabli lafwa yo. Retounen nan legliz la pa t rezoud tout kesyon oswa enkyetid yo te genyen yo, men yo te rann yo kont ke genyen yon koneksyon pèsonèl ki pi solid avèk Bondye te pi enpòtan pase enkwayans yo a.
Tout bagay sa a te kòmanse lè yon zanmi—yon tinedjè menmjan avèk ou—te envite Kailey pou l te vire gade Kris la. Epi li te fè sa!
Jezikri te di, “Gade sou mwen nan chak panse; pa doute, pa pè” (Doktrin ak Alyans 6:36). Sa se enspirasyon ki dèyè Tèm 2025 la pou Jèn yo. Pèmèt nou pataje kijan ou ka chwazi konfyans olye de dout ak lafwa olye de laperèz pandan w ap vire gade Kris la:
Soti goch ale adwat: Sè Runia, Prezidan Freeman, Sè Spannaus
Tamara W. Runia
Lè m ap lite, sa toujou ede m lè m imajine Jezikri ak bra L lonje. Lè m vire gade Li, mwen sonje pawòl chante sa a, ”M ap mache avèk Jezi”: “Li pap janm kite m, menm lè m tonbe.”
Emily Belle Freeman
Lè m li tèm ekriti sa a, li raple m Pyè sou lanmè Galile a. Konsantre sou tanpèt la te ogmante laperèz li ak dout li, sa ki te lakòz li te koule anba vag tanpèt yo. Men, konsantre sou Sovè a te pèmèt li akonpli yon bagay ke li pa t janm fè anvan: li te mache sou dlo! Sa remakab, reyèlman. Kisa w ta ka akonpli si w vire gade Li?
Andrea Muñoz Spannaus
Lè m kòmanse santi m pè, kèlkeswa kote mwen ye oswa nan ki sitiyasyon mwen ye, mwen entansyonèlman panse a relasyon mwen avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri. Mwen repete nan tèt mwen plizyè fwa: M SE YON PITIT FI BONDYE. Mwen kontinye fè sa jiskaske m kòmanse santi m pi byen. Sa toujou mache!
Soti goch ale adwat: Frè Wilcox, Prezidan Lund, frè Nelson
Bradley R. Wilcox
Mande tèt ou kiyès ki sousye pou ou ak kiyès renmen ou pi plis. Èske se paran w ak dirijan Legliz yo? Èske se moun sou rezo sosyal pou ki ou gen dwa se jis yon nimewo? Vire gade Papa nou ki nan Syèl la ak Kris la. Yo vrèman sousye!
Steven J. Lund
Sonje sa y ap raple w lè w resite tèm Kolèj Prètriz Aawon an ak tèm Jènfi yo: Ou se yon pitit gason oswa yon pitit fi byeneme Bondye. Ou dwe gen konfyans ke Papa nou gen yon plan pou ou. Vire gade Kris la vle di wè ke Ekspyasyon L lan chita nan mitan plan sa a.
Michael T. Nelson
Li ekriti yo se vire gade Kris la! Dout ak laperèz disparèt tou natirèlman lè nou sonje mirak ak ansèyman Jezi yo. Se yon gwo privilèj sa ye dèske nou gen aksè a pawòl Li yo. Yo aplike a chak sitiyasyon n ap travèse nan lavi nou.
© 2025 by Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly For the Strength of Youth Message, January 2025.. Haitian. 19615 036