Zanmi
Fèt Delivrans la
Zanmi Avril 2026


“Fèt Delivrans la,” Friend, Avril 2026, 46–48.

Mesaj Mansyèl Zanmi an , Avril 2026

Fèt Delivrans La

Ilistrasyon Moyiz ak Aawon k ap pale avèk Farawon

Moyiz te ale devan Farawon epi l te mande li pou l te libere esklav Izrayelit yo. Farawon te refize. Senyè a te voye flewo yo an Ejip, men Farawon an te toujou di non.

Ilistrasyon Moyiz k ap pale avèk moun

Senyè a te di Li pral voye yon dènye flewo. Premye pitit nan chak fanmi nan peyi Lejip tapral mouri. Men, si Izrayelit yo te suiv enstriksyon L yo, flewo a t ap pase kite yo.

Ilistrasyon yon nonm k ap pentire yon lento pòt, ak timoun k ap gade.

Senyè a te di Izrayelit yo pou yo te sakrifye yon ti mouton mal pafè epi pou yo te pentire san ti mouton an anlè pòt yo.

Ilistrasyon Farawon ki nan lapenn pou pitit gason li ki mouri

Flewo a te vini. Tout premye pitit gason Ejipsyen yo te mouri, ansanm avèk pitit gason Farawon an. Men, premye pitit Izrayelit yo te sove paske yo te obeyi Senyè a.

Ilistrasyon Farawon an kòlè k ap voye lame

Farawon te di Moyiz ak Izrayelit yo pou yo te kite peyi Lejip. Men, Farawon te fache. Limenm ak lame l la te pati al dèyè yo.

Ilistrasyon Izrayelit yo ke lame ap kouri dèyè yo

Izrayelit yo te monte kan bò Lanmè Wouj la. Lè yo te wè Ejipsyen yo ki t ap vini, yo te pè anpil. Moyiz te di Senyè a t ap pwoteje yo.

Ilistrasyon Moyiz k ap fann Lanmè Wouj la

Moyiz leve baton l lan, epi Senyè a te separe lanmè a. Izrayelit yo te travèse sou tè sèk.

Ilistrasyon Lanmè Wouj k ap anvayi lame Ejipsyen an

Lè Izrayelit yo te an sekirite lòt bò lanmè a, dlo a te desann epi l te nwaye lame a. Izrayelit yo te finalman lib.

Paj pou Kolorye

Jezikri Te Resisite pou Mwen

Paj PDF pou kolore ki montre tonbo vid Sovè a

Ilistrasyon pa Audrey Day Yo ka kopye pou itilize Legliz sèlman.

Kisa w kapab fè pou w sonje Jezikri pandan Pak sa a ak pandan tout ane a?