“Moyiz, Pwofèt la”, Zanmi, Mas 2026, 46–48.
Mesaj Mansyèl Zanmi , Mas 2026
Moyiz, Pwofèt la
Moyiz sete yon Izrayelit, men li te elve pa pitit fi Farawon an nan peyi Lejip. Moyiz te tris paske Ejipsyen yo te mechan avèk Izrayelit yo epi yo te fè yo vin esklav yo.
Yon jou Moyiz te wè yon Ejipsyen ki t ap frape yon Izrayelit. Moyiz te defann Izrayelit la.
Lè Farawon an te vin konn sa, li te vle touye Moyiz, men Moyiz te kouri kite Lejip.
Moyiz te ale yon kote ki te rele Madyan, se la li te rankontre avèk yon fi ki te rele Sefora. Yo te marye epi yo te fè pitit.
Pandan li t ap viv Madyan an, Moyiz te wè yon touf bwa ki te pran dife, men dife a pa t boule touf bwa a. Senyè a te parèt nan dife a epi Li te pale avèk Moyiz.
Senyè a te di Li te konnen Izrayelit yo t ap soufri nan peyi Lejip. Li te kòmande Moyiz pou l te retounen an Ejip epi pou l te di Farawon pou l te bay Izrayelit yo libète yo. Senyè a te di Moyiz ke Li t ap ede l libere Izrayelit yo epi mennen yo nan yon tè pwomiz.
Paj pou Kolorye
Mwen Ka Janti Avèk Lòt Moun.
Ilistrasyon Audrey Day Gendwa fè kopi pou Itilizasyon nan Legliz la sèlman.
Kisa w ka fè semèn sa a pou w janti?
© 2026 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Friend Message, March 2026.. Haitian. 19938 036