“Noye ak Lach la”, Friend, Fevriye 2026, 46–48.
Mesaj Mansyèl Friend, Fevriye 2026
Noye ak Lach la
Noye ak fanmi li te obeyi Senyè a. Tout rès moun yo te mechan anpil. Senyè a te di Noye yon inondasyon ta pral kouvri tout tè a si moun yo pa te repanti.
Noye te di moun yo ke Bondye renmen yo epi Li vle pou yo repanti epi gen lafwa nan Jezikri. Yo pa t vle koute.
Senyè a te di Noye pou li bati yon gwo batiman yo rele yon lach. Lach la t ap kenbe fanmi Noye an sekirite pandan inondasyon an.
Fanmi Noye te pote manje nan lach la. Seyè a te voye omwens de bèt nan chak kalite pou Noye pou li mete nan lach la. Apresa, li te kòmanse fè lapli.
Lapli te tonbe pandan 40 jou ak 40 nuit. Yon inondasyon te kouvri latè, jan Seyè a te avèti a.
Fanmi Noye ansanm ak tout bèt ki te nan lach la te flote sou dlo a san danje.
Lè inondasyon an te fini, lach la te ateri sou tè sèch. Noye ak fanmi li te di Seyè a mèsi poutèt Li te pwoteje yo. Senyè a te pwomèt Li pa p janm inonde latè ankò. Li te voye yon lakansyèl pou fè yo sonje pwomès Li.
Paj pou Kolorye
Suiv Pwofèt Senyè a Pral Beni Mwen
Ilistrasyon pa Audrey Day
Kisa ou kapab fè pou suiv pwofèt la?
© 2026 pa Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Mesaj Mansyèl Friend, Fevriye 2026. Haitian. 19927 036