Zanmi
Adan ak Èv
Friend Janvye 2026


“Adan ak Èv”, Friend, Janvye 2026, 46–48.

Mesaj Mansyèl Zanmi, Janvye 2026

Adan ak Èv

Adan ak Èv ki ap kite Jaden Edèn nan avèk bèt

Adan ak Èv sete premye pitit Papa nou ki nan Syèl la ki te viv sou tè a. Yo te viv nan jaden Edèn nan.

Pyebwa lavi a

Bondye te kite yo manje fwi nan tout pyebwa yo sof youn. Si yo te manje fwi nan pyebwa konesans byen ak mal la, yo t ap gen pou yo te kite jaden an epi yo t ap fini pa mouri. Men, Satan te ba yo manti. Li te di yo si yo te manje fwi a, yo t ap konnen byen ak mal, men yo pa t ap mouri.

Èv k ap keyi yon fwi nan pyebwa konesans byen ak mal la

Èv te chwazi manje fwi a.

Men Èv k ap pase fwi a al nan men Adan

Apresa li te bay Adan yon moso nan fwi a. Adan te chwazi manje l tou.

Adan ak Èv ki kache nan toufbwa a lè Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri parèt

Bondye ak Jezikri te vizite yo, men Adan ak Èv te pè epi yo t al kache. Bondye te mande si yo te manje fwi nan pyebwa a.

Adan ak Èv ki mete rad ki fèt ak po bèt epi y ap kite Jaden Edèn nan

Adan ak Èv te di ke yo te manje fwi a. Kounyea, yo te oblije kite Jaden Edèn nan. Men, Bondye te gen yon plan pou yo. Kounyea, yo te konnen byen ak mal epi yo te kapab fè pitit.

Adan ak Èv avèk fanmi yo

Adan ak Èv te pwomèt pou yo obeyi tout kòmandman Bondye yo. Yo te aprann plis bagay konsènan Pitit Gason Bondye a, Jezikri. Yo te kontan paske Li t ap ede fanmi yo retounen al jwenn Bondye.

Paj pou Kolorye

Jezi te Kreye Tè a

Paj PDF

Ilistrasyon pa Audrey Jou

Ki bagay ou plis renmen ke Jezikri te kreye?