Jere priyorite Ki an Konpetisyon : Garna Mejia
Devosyonèl Sosyete Sekou 2026: Yon Rasanbleman Fi Mondyal
Dimanch 8 Mas 2026
Mwen panse, pou mwen, si m ta gen pou m di: ‘Ki sèl bagay ki te ede m travèse yon moman difisil oswa jere sa ki te parèt kòm priyorite ki t ap konpetisyon toutbonvre? Se konsèp sa a ki di: "sonje, sonje" Poukisa Papa nou ki nan Syèl la di nou sa konsa souvan? Èske se paske, petèt, nou gen yon tandans pou n bliye? Èske se paske w kapab fè esperyans bèl mirak sa a epi apre sa, ou konnen, ou pati pou w kontinye chemen lavi w, epi apre sa gen yon lòt defi ki parèt, epi sa vrèman difisil pou w fè konfyans ke tout bagay ap byen pase, ke yon jan kanmenm, tout bagay pral ranje tèt yo? Mwen panse Papa nou ki nan Syèl la ap mande nou pou n sonje paske Li espere ke n ap aprann fè l konfyans. Si nou kapab fè L konfyans, nenpòt sa ki parèt sou chemen nou, n ap kapab travèse l—epi n ap kapab travèse l avèk lajwa, ak rezilyans. Ou konnen, Li pa t mete nou sou tè a pou nou mizerab, ou konnen. Menm si move bagay rive nou, sa pa vle di se sa nou ye.
Lè m ap panse ak priyorite, mwen vrèman panse avèk yo dapre pwosesis kreyasyon an. Ou konnen, detèmine kijan w vle itilize tan ou, nan kisa w vle envesti tan ou, se deside vrèman kisa w vle kreye. Ki kalite lavi w vle kreye pou tèt ou? Mwen twouve ke lè m fè Bondye vin priyorite mwen epi mwen gen konfyans ke L ap ede m kreye yon bèl lavi, lè sa a tout rès bagay yo ka tonbe nan plas yo. Paske mwen konnen ke tout bagay sa yo ap vini apre dezi mwen genyen pou m sèvi Bondye, pou m renmen L, epi pou m montre L ke mwen renmen L
Lè m ap panse ak fason m ap viv lavi m, mwen pa panse ak kisa m ye kòm pwofesyon. Mwen eseye reflechi sou kimoun mwen bezwen vin ye, e se sa ki vin tounen Zetwal Nò mwen. Se sa ki gide fason m itilize tan mwen ak priyorite m yo, se lanmou sa a pou Kris la, lanmou sa a pou Papa nou ki nan Syèl la. Epi mwen panse ke gen yon pati ki enpòtan tou. Si nou pre Lespri a, L ap gide nou nan vwayaj lavi nou an. L ap ede w fè ajisteman ki nesesè yo nan bon moman an. L ap ede w pran desizyon ki gen konsekans etènèl—tankou maryaj, fanmi, sipòte moun ou renmen, sèvi moun ou renmen—pou w ke fokis la pa toujou sou oumenm oswa sou sa w ap fè, men sou moun w ap vin ye a.